Apèl pou kontribisyon

Tèm imigrasyon an - nan sa ki gen pou wè ak deplasman Sid-Nò oubyen Sid-Sid - fè nou retrouve nou devan anpil kesyon konplèks, ki kapab vin konfli: defi (ak opòtinite) ki soti nan divès idantite, pèp, nasyon, relijyon ak lang ki ap grandi; anpil kalite entolerans; rasis ak chenofobi; kesyon ki gen rapò ak entegrasyon kiltirèl ak ekonomik imigran an nan peyi ke li ale a; reprezantasyon sou imigran yo ak peyi orijin yo; fòm reparasyon nan peyi kote yo soti a pou anpil moun ki ap kite peyi a ki gen yon pi wo nivo nan edikasyon ak kalifikasyon pwofesyonèl, pami lòt ankò.

Tradisyonèlman, pèspektif ejemonik ki sipòte lekti tèm mansyone yo baze sou referans ki pwodui nan peyi santral yo nan yon pwen de vi ekonomik ak teknolojik - “Nò” a, pi lwen pase kesyon jeografik la. Sa rive menm lè nou ap pale de chèchè ak sant etid ki soti nan peyi periferik yo, nou wè yon gwo dominasyon nan yon pèspektif “Ewosentrik” nan pwosesis fòmasyon ak pèspektif analiz yo.

Nan fason sa a, moun ki ap viv nan peyi periferik yo, yo trete yo nan yon pèspektif rediksyon ak estigmatize, paske “modèl” peyi ak sosyete ke nou swiv la, se sosyete ak peyi ki pi rich yo e ki domine politikman.

Yon egzanp ki klè pou nou konprann sa a nou ap di a se lè nou panse konsèp atraksyon ak degou yo selon peyi kote moun yo soti a ak peyi yo imigre a. Konsèp sa yo an jeneral travay, yon fason ki enpèmeyab/fèmen ak dikotomik, dinamik relasyonèl ki karakterize mobilite migratwa yo vin envizib. Anfèt, teritwa orijin nan pa gen sèlman bagay ki bay degoutans - e se pou sa imigran prèske toutan toujou genyen lyen ak kote li soti a, e li toujou tante nan kèk mezi, mennen li nan teritwa kote li retrouve li a nan lòt peyi a, anplis lòt pratik ke li reyalize yon fason pou toujou sonje kote li soti a, malgre li retrouve li nan yon lòt peyi. Yon lòt kote, teritwa ki konsidere kòm atraksyon an genyen yon bann sitiyasyon ki kreye kontrent ak limit ki konn fè li difisil pafwa pou imigran entegre li nan sosyete a. Konsa, ide rediksyon ki apiye sa ki rele repilsyon/degou ak atraksyon rive jere envizibilite konplèks nan relasyon imigran ak teritwa kote yo vwayaje yo.

Nan menm sans egzanp sa a, genyen anpil lòt ankò, li ijan pou konstwi nouvo konsèp, paradigm, etid ak eksperyans sou fenomèn imigratwa a, an patikilye sa ki gen pou wè nan peyi Sid Global yo.

Periferias mete aksan sou enpòtans pou konsidere egalite, devlopman ak aksè ak dwa kòm fondamantal pou popilasyon migran an. Nou mete tou aksan sou enpòtans pou diskite trajektwa ak pèspektif moun ki imigre yo, pandan ke n’ap bay protagonis yo ak moun ki nan pwosesis sa a, atansyon sou sibtilite ak sibjektivite ke eksperyans yo bay.

Menm si se pa toutan nou genyen plent kòm kesyon santral, men nou rekonèt enpòtans li nan kèk aspè. Rezon ki fè, prensipal apwòch ke Periferias chache mete an kesyon se bay eksperyans vizibilite ki montre altènatif ak defi ki karakterize imigrasyon Sid-Sid nan kesyon egalite, nan devlopman ak aksè ak dwa moun.

Konsa, nou envite moun, kolektif/òganizasyon ak e enstitisyon ki dedye travay yo nan kesyon migratwa pou vin kontribye avèk piblikassyon Periferi 8 la. Avèk kontribisyon sou plizyè fòm ekspresyon naratif imigran yo (temwanyaj, foto, literati ak pwezi, art ak videyo), an plis ak rechèch akademik ki gen pou wè ak Sid Global, (seyans ak atik) li ap posib pou nou lanse nouvèl pèspektif sou konpreyansyon fenomèn imigrasyon an ak potansyalite moun ki imigre yo ak abilite yo genyen pou kreye solisyon pou rezoud pwoblèm ke yo rankontre sou chemen yo - san pèdi dimansyon konplèks kontèks politik, ekonomik, anviwonnmantal ak soyal ke yo retrouve yo a.

Pou nou konprann pi plis kesyon imigrasyon an, youn nan pwoblèm ki pi ijan nou dwe montre pwoblèm yo epi fè fas ak yo nan mond aktyèl la (moman sa a).

kontribisyon

Kontribisyon yo dwe ale nan adrès sa a revista@imja.org.br jiska 30 avril 2023. Periferias ap resevwa pwopozisyon travay nan lang Kreyòl, Pòtigè, Anglè, Espanyòl ak Francè, yo dwe reponn ak sa yo mande yo nan chak kategori edidoryal yo. Nou ap resevwa pwopozisyon kontni ki deja pibliye, maksimòm, yon sèl fwa nan yon lòt platfòm piblikasyon.

atik ki genyen jiska 3.500 mo, san bibliyografi

redaksyon jiska 2.500 mo

kont jiska 2.000 mo.

temwanyaj jiska 2.500 mo.

seyans de foto avèk dwa otè sou sijè a, konsidere oryantasyon editoryal Revi Periferias, ki gen jiska 10 foto, ak yon tèks entwodiksyon.

arts vizyèl: pwodiksyon imaj avèk dwa otè oubyen sou travay atistik dwa otè — desen anime, desen, komik, grafiti, penti, grave (gravure), grave sou bwa, entèvansyon atistik, entèvansyon nan espas oswa lòt ekspresyon —, akonpaye yon tèks entwodiksyon. Imaj yo dwe voye nan rezolisyon ki ba pou nou kapab analize yo. Nan ka apwobasyon, nou ap mande kèk espesifikasyon teknik pou piblikasyon an.

oryantasyon editoryal

Periferias genyen nan aks li manifestasyon ak valorizasyon Potansyalite Periferi yo. Pwopozisyon kolaborasyon ki soumèt yo dwe adapte epi reponn prensip sa a. Pou plis detay, al li nan adrès sa a: Carta da Maré, Manifesto das Periferias ak ”O Paradigma da Potência e a Pedagogia da Convivência.”

Nou ap souliye ke konsèp Periferi a nan sans laj li, ale pi lwen ke lavil (zòn iben) an, li chache konprann tou reyalite periferik ki pa ejemonik yo. Kidonk, li konsidere tou periferik: teritwa ak popilasyon endijèn yo, kilombolas, minorite relijye ak etnik, les peuples gitans, pwoblèm etnik-rasyal, sèks ak LGBTQ+, refijye ak imigrasyon, nan kontèks elaji nan Periferi Global yo.